Dr Max Maserati
Youn nan kesyon w pwopableman w ta ka ap poze se: Kisa yon medsen pèdi nan domèn tredin... 🤔
Si se le ka, mwen garanti w ke ou pa pou kò-w ! E youn nan fason ki pi fasil ke mwen ka reponn ou nan yon mo : Pasyon ! ❤️
Apre etid siperyè l nan medsin, Dr Max ki renmen Ekselans te deside aprofondi e egize konesans li toujou nan menm domèn sila avèk yon Metriz nan peyi Japon. Men imedtatman etid lan fini, pwiske l te toujou pasyone pa tredin, li komanse tikal pa tikal inisye tèt li a aktivite sila. 💻
E si gen yon defo ke Dr Max genyen sèke l pa ka fè anyen a mwatye 😁...
Kidonk lè li travèse kite Japon pou l al viv definitivman an Angletè ak fanmi l, li deside bay li a 200% nan tredin, pase 20 a 22è de tan devan mache an pa twòp pou li paske li gen yon pasyon pou sa lap fè a...💪
Mpap kache diw tou te gen anpil moman nwa tou, anpil kòb boule, anpil kont lakay Broker, Prop firm kraze, men... Dr Max te konnen ke ankenn sakrifis pa twòp lè se pou reyalize rèv li...🤕
Mpap kache diw tou te gen anpil moman nwa tou, anpil kòb boule, anpil kont lakay Broker, Prop firm kraze, men... Dr Max te konnen ke ankenn sakrifis pa twòp lè se pou reyalize rèv li...🤕
Tan ak eksperyans li nan mache an pèmèt li devlope pwòp sistèm pa-l : "Max Maserati Model", se yon apwòch tredin ki pèmèt ou li mouvman mache an ak anpil presizyon e predi mouvman pri yo. 🤠
Apre 2 lane lap teste, reteste Model sila, pouse Model la a bou pou l detekte eske Model li an solid tout bon vre, li menm ak plizyè lòt gwo tredè, genyen ki menm gen plis lane eksperyans pase l e ki pwal vin elèv tou dayè, yo mete yo dakò pou di ke modèl sila genyen yon To de reyisit 9/10. 👏
Saw tande an Dr an pa gen dèyè chita, ant Coaching pasi pala ak live nan Top Step TV ki se yon program pi gwo Prop Firm Futures nan monde lan, MMM nan ap make pwen osnon mwen ta sipoze di : lap make Ticks... 😅
Pandan Dr Max ap fè koze nan mond entènasyonal nan tredin, kominote ayisyèn tredin nan ap pase mati anba men yon ekip san fwa ni lwa, ki ap ranmase lajan tribò babò nan kominote an, sou pretèks yap aprann moun tred, osnon yap tred pou moun...😩
Gen youn nan mitan nou; Pierremichel, lè l estime nou pase twòp mizè ki kontakte Dr Max pou l delivre kominote an anba men malfini yo. Rapid vit Dr an aksepte e se te tankou lè BonDye voye Jezi Kris vin sove le monn...🙌
Kominote Tredin Ayisyèn nan komanse wè limyè nan mitan fènwa l te ye a, sa w tande an, s'on Kesyon de "No Body Close No Trade". 🌞
Pa gen sekrè nan fè Kola jan Dr Max renmen di-l, se swa-w konnen, se swa-w pa konnen, e si w pa konnen pa gen anyen mal nan sa, depi w deside aprann. 📚
Banm baw yon ti konsèy tout senp: Si w vle AVNI-W antre nan yon "MMM eBlock CDL" avèk 3 PO4 Bullish (C2 MSC, C3, C4) pandan w nan Discount menm, Max Maserati Trading University se solisyon an... 😁
Nan bon langaj, degaje w kou Maitre Jean-Jacques pou-w rantre nan MMTU si-w vle chanje lavi-w !😇